World Missionary Press

 Fason Pou Konen Bondye - Kreyol


N'a chache m, n'a jwenn mwen paske n'a chache m ak tout kè nou.


FASON POU KONEN BONDYE

Fason pou Konnen Bondye Menm jan Abraram te "you zanmi Bondye" paske li te soumèt li epi obeyi Bondye, ou menm tou ou ka konnen Bondye e jwenn mizerikòd Li, lapè Li, ak benediksyon Li. Konnen Bondye lè nou soumèt nou nèt devan Li, se eksperyans ki pi enpòtan nan lavi a. Bondye moutre tèt Li bay moun ki chache Li ak tout kè yo. 

Si ou kite move chemen ou tap fè a, epi ou soumèt ou nèt devan Bondye, Lespri L va viv nan ou. Anyen pap ka separe ou ak lamou Li a lè ou konfiye ou nan pwomès Li yo epi swiv Li nan obeyisans ou. Li va Bondye ou, e ou va trezò pa Li. Ou va konnen ke Li te peye yon gran pri pou ou, e Li vle gen zanmitay avèk ou—kounyeya e pou tout tan. 

Mande Bondye pou l ba ou konpreyansyon pandan wap etidye vèse sa yo ki sòti nan Pawòl Bondye a. Bondye te pouse moun ki te konsakre yo pou swiv Li pou yo ekri pawòl sa yo, e pandan anpil je-nerasyon Li te proteje Pawòl la ak mirak Li yo, byen ke Satan tap eseye detwi li. 
____________________________
The Bible text used is from the "Pawol Bondye" an Ayisyen © Societe Biblique Haitienne, Editon Corrigee 1998 - United Bible Societies. Permission granted by American Bible Society.


GEN YON SEL VRE BONDYE — 1

Senyè a, Bondye nou an, se li ki sèl mèt. Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouray nou. –Detewonòm 6:4b, 5 

Se Senyè a ki kreye syèl la. Se li menm sèlman ki Bondye. Se li menm ki fè latè, ki ba li fòm li. Se li menm ki fè l chita fèm. Li pat fè l pou l te tounen yon dezè, men pou l te yon kote pou moun rete. Men sa li di: Se mwen menm ki Senyè a. Nanpwen lòt. –Ezayi 45:18 

Konsa, tout nasyon sou latè va konnen se Senyè a sèl ki Bondye. Pa gen lòt! –1 Wa 8:60 

Men pawòl Senyè a di: Se nou menm menm ki pou sèvi m temwen. Se nou menm mwen te chwazi pou sèvi m, pou nou konnen m, pou nou kapab mete konfyans nou nan mwen, pou nou ka konprann se mwen menm sèl ki Bondye tout bon an. Anvan mwen, pat gen lòt bondye. Apre mwen, p'ap gen lòt bondye. Se mwen menm sèl ki Granmèt la, Senyè a. Pa gen lòt ki ka delivre nou pase mwen menm! –Ezayi 43:10, 11 

Tounen vin jwenn mwen pou nou ka delivre, nou tout ki rete sou latè! Paske se mwen ki Bondye. Pa gen lòt! –Ezayi 45:22


BONDYE GEN MIZERIKOD AK KONPASYON — 2

Senyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Senyè a renmen moun ki gen krentif pou li. –Sòm 103:8, 11 

Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. Pitye...pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo. –Sòm 103:17a, 18 

Pa gen bondye tankou ou, ou menm ki padonnen mechanste ti rès ki rete nan pèp ou a, ou menm ki pa gade sou sa yo fè ki mal. –Miche 7:18a 

Senyè a pa janm sispann renmen nou. L'ap toujou gen pitye pou nou. Tankou solèy la ki leve chak maten konsa tou l'ap toujou kenbe pawòl li. –Lamantasyon 3:22, 23 

Li ka fè nou lapenn, men l'ap gen pitye pou nou paske li renmen nou anpil. –Lamantasyon 3:32 

Lwanj pou Senyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou. –1 Kwonik 16:34 

Mwen konnen ou: Ou se yon Bondye ki gen bon kè, ki gen pitye pou nou. Ou pa fè kòlè fasil, ou pa janm sispann renmen nou, se vre.... –Jonas 4:2b


BONDYE RENMEN OU — 3

Byen lwen, Senyè a te fè m wè li. Li t'ap di: Nou menm moun pèp Izrayèl, mwen p'ap janm sispann renmen nou. Se poutèt sa m'ap toujou aji byen ak nou. –Jeremi 31:3 

Se mwen ki konnen sa m gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. Mwen ta vle denmen nou jwenn sa n'ap tann lan. –Jeremi 29:11 Senyè a di: Mwen renmen nou! –Malachi 1:2a 

Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Senyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li. –Sòm 103:13 

Ou wete m nan kè sere m te ye a. Se ou menm ki wete m nan bouch twou a. Ou voye tout peche m yo jete dèyè do ou. –Ezayi 38:17 

Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan. –1 Jan 4:16a, 19 

Senyè a, Bondye nou an, la nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou. Li kontan wè sa n'ap fè. L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W'ap fè kè l kontan. L ap chante. –Sofoni 3:17 

Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! –Sòm 36:7a


PI GWO BAGAY NAN LAVI A SE KONEN BONDYE — 4

Men, moun k'ap sèvi Bondye yo ap kanpe fèm, y'ap kenbe tèt avè l. –Danyèl 11:32b 

Men si yon moun vle fè grandizè, l'a fè grandizè dèske li konnen m, dèske li konprann mwen. Paske mwen gen bon kè, Mwen fè sa ki dwat ak sa ki kòrèk sou latè. Se bagay sa yo ki fè m plezi. Se mwen Senyè a ki di sa. –Jeremi 9:24 

Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l ak tout kè yo! –Sòm 119:2 

Men li, mwen mete devan nou lavi yon bò, lanmò yon bò, benediksyon yon bò, madichon yon bò pou nou chwazi. Chwazi lavi tande, pou nou ka viv. Renmen Senyè a, Bondye nou an. Koute l. Pa lage l menm, paske se li menm ki tout lavi nou. –Detewonòm 30:19b, 20a 

Mwen ta pito wè nou renmen m tout bon pase pou n'ap fè tout o-frann bèt sa yo ban mwen. Mwen ta pito wè nou chache konnen m vre, mwen menm Bondye nou an, pase pou n'ap boule tout bèt sa yo pou mwen. –Oze 6:6 

Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye. –Sòm 42:1


LE YON MOUN AP VIV SAN BONDYE, VI LI NAN GWO DANJE — 5

Bondye pat fè pa zanj ki te fè peche yo. Li te voye yo jete nan lanfè, li lage yo nan gwo twou kote ki fènwa anpil la, l'ap kenbe yo la pou yo tann jou jijman an. Konsa, Bondye konnen ki jan pou l delivre moun k'ap sèvi l yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l ka pini yo jou jijman an. –2 Pyè 2:4, 9 

Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò. –Pwovèb 16:25 

Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k'ap pase nan kè lèzòm? –Jeremi 17:9 

Men, si nou pa koute sa Senyè a di nou, si nou pa fè tou sa li mande nou fè, l'ap leve dèyè nou ansanm ak tout wa nou an. –1 Samyèl 12:15 

Moun ki pa fè yonn ak mwen, y'ap koupe l voye jete. L'ap cheche tankou yon branch bwa. Lè branch bwa yo cheche, yo ranmase yo, yo jete yo nan dife, yo boule yo. –Jan 15:6 

Men, moun k'ap fè mal yo, y'ap rete konsa y'ap disparèt. Tout pitit ak pitit pitit yo ap disparèt tou. –Sòm 37:38


SI NOU VLE KONEN BONDYE FOK NOU CHACHE-L — 6

N'a chache m, n'a jwenn mwen paske n'a chache m ak tout kè nou. –Jeremi 29:13 

Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan. Si ou fè tou sa...w'a resi konnen ki moun Bondye ye. –Pwovèb 2:4b, 5 

Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou. –Matye 7:7 

Nou konnen pèsonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kote Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li. –Ebre 11:6 

Mwen renmen moun ki renmen m. Depi yon moun chache m, fòk li jwenn mwen. –Pwovèb 8:17 

Senyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k'ap konte sou li. –Lamantasyon 3:25 

Se li menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè tou sa pou yo ka chache l, pou yo ta ka rive jwenn li lè yo seye pran kontak avèk li. Men, Bondye pa pi lwen okenn nan nou pase sa. –Travay 17:26a, 27 

Si m te nan plas ou, Job, se Bondye m ta rele. Mwen ta mete sitirasyon an devan l. –Job 5:8


BONDYE VLE NOU VIN JWEN NI — 7

Paske Senyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, yon Bondye ki gen pitye pou moun. Si nou tounen vin jwenn li, la louvri bra l ban nou. –2 Kwonik 30:9b 

Pwoche bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. –Jak 4:8a 

Senyè a kanpe toupre moun k'ap rele l, toupre tout moun k'ap rele l ak tout kè yo. –Sòm 145:18 

Senyè a di konsa: Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m'ap lave nou. M'ap fè nou vini blan kou koton. Nou te mèt tache wouj fonse, m'ap blanchi nou, m'ap fè nou blan kou lenn mouton. –Ezayi 1:18 

Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou. Pran joug mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze. –Matye 11:28, 29 

Vini non, nou tout ki swaf dlo. Men dlo! Vini non, nou tout ki pa gen lajan, nou mèt vini. Achte manje pou nou manje. Nou pa bezwen lajan! Achte diven ak lèt pou nou bwè. Nou pa bezwen peye! –Ezayi 55:1


BONDYE SE YON BONDYE KI SEN — 8

Senyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou? –Egzòd 15:11a 

Pa gen Bondye tankou Senyè a. Non, pa gen tankou l. –1 Samyèl 2:2a 

Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye. –Mak 10:18b 

Bondye pa ka fè mechanste. Bondye ki gen tout pouvwa a pa ka nan patipri. –Jòb 34:10b 

Li apa! Wi, li apa! Se yon Bondye ki apa vre! Pouvwa li kouvri tout latè. –Ezayi 6:3b 

Se mwen menm Bondye ki anwo nèt nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. –Ezayi 57:15a 

Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt? Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou? Se ou menm sèl ki sen. –Revelasyon 15:4a 

Lwanj pou Senyè a, Bondye nou an! Adore l sou mòn ki apa pou li a! Paske, Senyè a, Bondye nou an, se Bondye tout bon li ye. –Sòm 99:9 

Wi, li sen, li sen, li sen vre, Bondye sèl Mèt ki gen tout pouvwa a, Li menm ki te la, ki la kounyeya, ki gen pou vini an. –Revelasyon 4:8b


PEP BONDYE A DWE VIV YON VI KI SEN — 9

Ou kwè gen yon sèl Bondye. Ou fè byen. Denmon yo tou yo kwè sa, men y'ap tranble sitèlman yo pè. Gade jan ou manke konprann! Eske ou vle wè ki jan konfyans pa vo anyen si l pa mache ak sa ou fè ki byen? Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe. –Jak 2:19, 20; 1:22 

Senyè a pa ka sipòte jan mechan yo ap viv la. Men, li renmen moun k'ap fè sa ki dwat devan li. –Pwovèb 15:9 

Lè yon moun di: Mwen menm, mwen konn Bondye, epi pou anmenmtan an li pa fè sa Bondye mande l fè a, moun sa a se yon mantò. Verite a pa nan li. Men jan nou ka depati pitit Bondye yo ak pitit Satan yo: depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye. –1 Jan 2:4; 3:10 

Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Senyè a. –Ebre 12:14 

Okontrè, nan tou sa n'ap fè, se pou nou bon nèt, tankou Bondye ki rele nou an bon nèt tou. –1 Pyè 1:15 

Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a? Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. –Sòm 24:3b, 4a


BAGAY BONDYE KOMANDE NOU — 10

Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w'ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li. –Miche 6:8b 

Se pou nou viv apa pou mwen paske mwen menm, Senyè a, Bon-dye nou an, mwen se yon Bondye apa. –Levitik 19:2b 

Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w'ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w'a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen. –Jozye 1:8 

Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs kouray ou, ak tout lide ou. Se pou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. –Lik 10:27b 

Ou konn kòmandman yo: Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlè. Piga ou fè manti sou moun. Piga ou twonpe moun. Respekte papa ou ak manman ou. –Mak 10:19 

Se pou nou toujou gen konfyans nan Bondye. –Mak 11:22b 

Se mwen menm...Bondye nou an, pou nou sèvi. –Egzòd 23:25a


BAGAY BONDYE RAYI — 11

Gen sis bagay Senyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte: Se moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun, se moun k'ap bay manti, se moun k'ap touye moun inonsan, se moun k'ap fè move lide nan tèt yo pou fè mechanste, se moun ki toujou pare pou fè sa ki mal, se fo temwen k'ap bay manti sou moun, se moun k'ap mete frè ak zanmi dozado. –Pwovèb 6:16-19 

...Mwen menm, Senyè a, mwen renmen sa ki dwat, mwen pa vle wè lè moun ap vòlò. –Ezayi 61:8a 

Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a. –Revelasyon 21:8 

Respekte pwomès nou te fè madanm nou te marye lè nou te jenn lan. Mwen rayi wè lè mouche separe ak madanm. Se Senyè ki gen tout pouvwa a. –Malachi 2:15b, 16a 

Pa fè plan pou nou aji mal yonn ak lòt. Pa fè sèman, lèfini pou n'ap bay manti pou akize moun. Paske, tou sa se bagay mwen pa vle wè. Se Senyè a menm ki di sa! –Zakari 8:17


MOUN MANKE OBEYI BONDYE NET — 12

Men, mwen konnen ki moun nou ye: nou pa gen renmen pou Bondye nan kè nou. –Jan 5:42 

Paske, moun ki obsève tout lalwa a men ki dezobeyi yon sèl nan kòmandman yo, se tankou si l te dezobeyi tout kòmandman yo. –Jak 2:10 

Mwen di: Nanpwen sove pou mwen! Jodi a m'ap mouri vre! Paske tout pawòl ki sòti nan bouch mwen se move pawòl. Epi m'ap viv nan mitan yon pèp ki pa janm gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, mwen wè Wa a, Senyè ki gen tout pouvwa a, avèk pwòp je m. –Ezayi 6:5 

Jan sa ekri nan Liv la: Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non, pa menm yon grenn. Tout moun fè peche. Yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a. –Women 3:10, 23 

Depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye. –1 Jan 3:10b 

Nou te tankou mouton ki te pèdi bann, chak moun bò pa yo. Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an, Senyè a fè l tonbe sou li. –Ezayi 53:6a 

Ki moun ki ka kanpe devan Senyè a, Bondye sa a ki yon Bondye apa? –1 Samyèl 6:20b


BON ZEV NOU PA KA FE BONDYE PLEZI — 13

Paske, m'ap kanpe di sa pou yo: yo devwe anpil pou sèvis Bondye a, men yo manke konprann. Yo pat konprann ki jan Bondye t'ap fè lèzòm gras. Yo te pito chache fè sa nan jan pa yo. Se konsa yo pat asepte jan Bondye te vle fè l la. –Women 10:2, 3 

Nou tout nou te tankou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Tou sa nou t'ap fè ki byen te tankou rad sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. –Ezayi 64:6a 

Wi, mwen deklare tout moun k'ap mache dwat yo gen pou viv. Men, si yo tanmen mete nan tèt yo, paske yo te konn mache dwat la yo gendwa fè sa ki mal, mwen p'ap chonje jan yo te konn mache dwat la menm. Y'ap mouri paske yo fè sa yo pat dwe fè. –Ezekyèl 33:13 

Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa kapab fè Bondye plezi. –Women 8:8 

Se pa paske yon moun fè sa lalwa a mande kifè li inonsan devan Bondye. –Women 3:20a 

Lalwa pa kapab fè Bondye fè pèsonn gras. Se bagay ki klè. Men sa ki ekri nan Liv la: Moun Bondye fè gras paske yo gen konfyans nan li, se yo menm ki va gen lavi. –Galat 3:11


PECHE SEPARE NOU AK BONDYE — 14

Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche. –Women 5:12 

Konsa, move dezi a travay nan kè li, li fè l fè peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò. –Jak 1:15 

Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l vire figi l pou l pa tande nou. –Ezayi 59:2 

Yon moun ki sòti pou fè sa ki dwat ap toujou viv. Men, moun k'ap chache fè sa ki mal gen pou yo mouri. –Pwovèb 11:19 

Senyè a, Bondye a mande poukisa nou pa vle swiv kòmandman li yo kifè n'ap rale malè sou nou konsa? Nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou! –2 Kwonik 24:20b 

Dezobeyi Bondye nan sa l mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Senyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. –1 Samyèl 15:23a 

Men malgre sa, mwen menm m'a refize ede yo paske yo te fè twòp bagay mal lè yo te al kouri dèyè lòt bondye. –Detewonòm 31:18a 

Moun ki fè peche, se yo k'ap mouri. –Ezekyèl 18:20a


PECHE ATIRE KOLE BONDYE — 15

Bondye se yon jij ki san patipri: Li toujou kondannen mechan yo. –Sòm 7:11 

Senyè a pa fache fasil, men se pa ti kras pouvwa li genyen. Li p'ap janm manke pa pini moun ki antò. –Nawoum 1:3a 

Se tout bagay sa yo ki fè kòlè Bondye tonbe sou moun ki derefize obeyi li. –Kolosyen 3:6 

Men sèl lide ki nan tèt yo: se fè tout kalite lenjistis, tout kalite mechanste, se anvi sò moun, se fè rayisab. Se sa sèlman ki nan kè yo: fè jalouzi, touye moun, chache moun kont, fè riz, fè kokenn. Yo tripòt konsa. Yonn pale lòt mal. Yo pa vle wè Bondye, yo ensolan, yo awogan, yo grandizè. Yo toujou ap chache lòt jan pou fè sa ki mal, yo fwonte ak paran yo. Yo san konsyans, yo pa kenbe pawòl yo. Kè yo di konsa, yo san pitye pou lòt moun. Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou. –Women 1:29-32 

Se poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye sòti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li. –Women 1:18


JIJMAN BONDYE AP VINI — 16

Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo. –Ebre 9:27 

Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo. Tout moun ki pat gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou. –Revelasyon 20:12, 15 

Aaa! Se yon bagay terib wi, pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an! –Ebre 10:31 

M'ap di nou sa: Jou jijman an, moun gen pou rann kont pou tout pawòl yo di yo pat bezwen di. –Matye 12:36 

Paske Bondye ap jije tou sa n'ap fè, kit yo bon, kit yo pa bon, ata bagay nou fè an kachèt. –Eklezyas 12:14 

Se konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y'ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò. Y'a jete mechan yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo. –Matye 13:49, 50


NOU PA KA KACHE DEVAN BONDYE — 17

Je Senyè a toupatou, l'ap veye tout moun, bon kou mechan. –Pwovèb 15:3 

Senyè, ou sonde m, ou konnen ki moun mwen ye. Ou konnen lè m chita, ou konnen lè m kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen. Mwen te mèt ap mache, mwen te mèt kouche, ou wè m, ou konnen tou sa m'ap fè. Mwen poko menm louvri bouch mwen, ou gentan konnen tou sa mwen pral di. –Sòm 139:1-4 

Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun. –1 Samyèl 16:7b 

Bondye ki bay zòrèy, ki jan pou l pa ta ka tande? Bondye ki fè je, ki jan pou l pa ta ka wè? –Sòm 94:9 

Je m louvri sou tou sa y'ap fè. Anyen pa kache pou mwen. Yo mèt kache kò yo jan yo vle, mwen wè tou sa yo fè ki mal. –Jeremi 16:17 

Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l, san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè. –Ebre 4:13 

Pa gen okenn fènwa, ni okenn lonbray ki ka anpeche l wè sa mechan yo ap fè. –Jòb 34:22


FOK NOU SISPANN FE PECHE — 18

Eske nou kwè mwen ta renmen wè mechan an mouri? Se Senyè sèl Mèt la ki mande sa. Non! Mwen ta pito wè l sispann fè sa ki mal pou l ka viv. –Ezekyèl 18:23 

Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou. –Lik 13:3 

Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo. –Pwovèb 28:13 

Senyè a pale, li di: Menm kounyeya, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou! Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an. –Jowèl 2:12, 13a 

Tounen vin jwenn Senyè a! Men sa pou nou di li: Padonnen tout peche nou yo. Asepte sa n'ap mande ou la a. –Oze 14:2a 

L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: Mwen te peche. Li egzante m lanmò. Li ban m lavi ankò. –Jòb 33:27a, 28 

Tounen vin jwenn mwen, sispann fè sa ki mal, pa kite peche nou yo lakòz nou mouri. –Ezekyèl 18:30b


LE NOU REPANTI NOU JWENN PADON — 19

Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Senyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè. –Ezayi 55:7 

Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa. –Sòm 34:18 

Lè sa a, mwen rekonèt peche m yo devan ou, mwen pat kache ou sa m te fè ki mal. Mwen di: M'ap rakonte Senyè a tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m yo. –Sòm 32:5 

Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l'ap fè sa k gen pou fèt la: l'a padonnen tout peche nou yo, l'a netwaye nou anba tou sa ki mal. –1 Jan 1:9 

Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l ka efase peche nou yo. –Travay 3:19 

M'ap koute sa Senyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l fèm yo, li pwomèt pou l fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò. –Sòm 85:8 

Repanti vle di nou vire do bay peche epi konfese peche nou bay Bondye.


SAKRIFIS SE YON BAGAY NESESE POU — 20
NOU KA VIN AN RELASYON AK BONDYE

(Peche pòte separasyon, paj 14.) 

L'a mete men l sou tèt bèt l'ap ofri a pou Bondye ka asepte l tankou yon ofrann l'ap fè pou mande Bondye fè li gras. Nanm tout bèt vivan se nan san an li ye. Se poutèt sa, mwen menm Senyè a, mwen mande pou yo vide tout san an sou lotèl la pou li ka wete peche pèp la. Nou bay san an pou nanm nou. –Levitik 1: 4; 17:11 

Dapre lalwa, san an mete prèske tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Si san pa koule, nanpwen padon pou peche yo. –Ebre 9:22 

Se pou ti bèt nou chwazi a yon timal ki gen ennan, epi ki pa gen okenn enfimite. San nou pase sou pòt yo va make kay kote nou ye a. Lè m'a wè san an, m'a sote kay nou. –Egzòd 12:5a, 13a 

Izarak mande l: Mwen wè ou gen dife ak bwa. Men, kote mouton pou boule a? Abraram reponn: Pitit mwen, se sou kont Bondye sa ye. Abraram voye je l, li wè yon belye mouton ki te gen kòn li yo makònen nan yon lyann. L'ale, li pran mouton an, li touye l, li boule li nèt sou lotèl la pou Bondye nan plas pitit li a. –Jenèz 22:7b-8a, 13


JEZI SE TI MOUTON BONDYE TE BAN NOU AN — 21

Nan denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di: Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè. –Jan 1:29 

Kris la pase nan tant lan, li antre kote yo mete apa pou Bondye a, li ofri san an yon sèl fwa devan Bondye epi li fini. Lè sa a, se pat san bouk kabrit ni san ti towo bèf li te ofri. Se san pa l menm li te ofri. Se sa k fè li antre yon sèl fwa a devan Bondye, li tou peye pou l te ka delivre nou pou tout tan. Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. –Ebre 9:12, 28a 

Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pat avèk bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò. Men, se avèk gwo ofrann san Kris la ki te koule lè li te ofri tèt li tankou yon ti mouton san defo ni okenn enfimite. –1 Pyè 1:18b, 19 

Nou pa bezwen mande kisa san Kris la p'ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri tèt li bay Bondye tankou yon ofrann bèt ki bon nèt, san okenn defo. Se konsa, san l ap lave konsyans nou, l'ap delivre nou anba esklavaj lalwa k'ap touye nou an pou nou ka sèvi Bondye vivan an. –Ebre 9:14


NOU KA RACHTE SELMAN PA PWOVIZYON BONDYE A — 22

Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo. Se li menm, Jezikri, Bondye te ofri tankou bèt pou touye. Li bay san li. –Women 3:24, 25a 

Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou. –Travay 4:12 

Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil. Paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou. Se paske li bay san li pou nou kifè kounyeya Bondye fè nou gras. Nou pa bezwen mande si Kris la p'ap delivre nou tou anba kòlè Bondye. –Women 5:8, 9 

Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou. Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo. –Efezyen 2:8, 9 

Tout pwofèt yo te di sa sou li: Nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo gremesi non sa a. –Travay 10:43


YO TE ANONSE NESANS JEZI A — 23

Bondye voye zanj Gabriyèl nan yon vil nan peyi Galile yo rele Nazarèt. Bondye te voye l kay yon jennfi ki te fyanse ak yon nonm yo rele Jozèf. Jozèf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jenn- fi a Mari. Zanj lan antre lakay Mari li di li: Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favè. Mèt la avèk ou. Lè Mari tande pawòl sa yo, tèt li te boulvèse, li t'ap mande nan kè l kisa bonjou sa a te vle di. Men, zanj lan di li: Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye. Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. W'a rele l Jezi. L'ap vin yon grannèg... gouvènman l lan p'ap janm fini. Mari di zanj lan konsa: Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason! Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou. Pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbray. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l Pitit Bondye....Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè. –Lik 1:26b-37 

Gen de (2) gason sèlman ki te vini nan monn nan, san se pa yon papa ak you manman ki te fè yo; sete Adan ak Kris. Adan te pòte peche nan monn nan, men Jezi pòte viktwa sou peche.


KI MOUN JEZI YE VREMAN — 24

Jezi Kris la...Sa Bondye ye a, se sa l te toujou ye. Men, li pat janm konsidere sa tankou yon avantaj pou l te chache kenbe ak tout fòs. Li rabese tèt li. Tankou yon moun, li soumèt devan Bondye. Li obeyi Bondye jouk li rive asepte mouri, wi jouk li asepte mouri sou kwa a. –Filipyen 2:5b-8 

Mwen menm ak Papa m, nou fè yon sèl. Mwen menm menm, se Bondye ki te mete m apa pou li, se li ki voye m sou latè. Ki jan nou ka di m'ap pale Bondye mal lè m di se pitit Bondye mwen ye? –Jan 10:30, 36 

Jezikri, Pawòl Etènèl la, te toujou egziste. Bondye te fè yon mirak pou mete l nan vant Mari. Yo te rele l Pitit lòm la, men nan espirityèl la Li se Pitit Bondye a. Bib la sèvi ak mo "Pitit" la pou eksplike relasyon ki gen- yen ant Bondye ak Pawòl Li a—Jezi. Se poutèt sa, lè Kris la ta pral vin sou latè, li di Bondye: Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou yo touye pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou ban m yon kò. –Ebre 10:5 

Men, dapre Sentespri ki fè nou viv pou Bondye, li te fè nou wè avèk pouvwa se Pitit Bondye a li ye, lè l te leve sòti vivan nan lanmò. –Women 1:4 

Toma reponn li: Senyè mwen, Bondye mwen! –Jan 20:28


KI MOUN JEZI YE VREMAN — 25

Tout moun fèt pou rekonèt jan sekrè relijyon nou an se yo gwo zafè. Li te parèt tankou yon moun. Lespri a fè nou wè jan li mache dwat devan Bondye. –1 Timote 3:16a 

Se nan lavi Kris la t'ap mennen nan kò li a nou jwenn tou sa Bondye ye. –Kolosyen 2:9 

Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l: Bon konseyè k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a! –Ezayi 9:6 

Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Abraram pat ankò fèt, mwen menm, mwen te la deja. –Jan 8:58 Pawòl la te nan lemonn. Se ak Pawòl la Bondye te fè tou sa ki nan lemonn. Men, moun ki nan lemonn pat rekonèt li. –Jan 1:10 

Se yon sèl Bondye a ki genyen. Se yon sèl moun tou ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò, se Jezi, Kris la. Se li menm ki te asepte mouri pou tout moun ka sove. –1 Timote 2:5, 6a 

Se gremesi Pitit sa a nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo. Kris se pòtre Bondye, Bondye nou pa ka wè a. –Kolosyen 1:14, 15a


BIB LA SE PAWOL BONDYE — 26

Paske, pwofèt yo pat janm bay mesay paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye. –2 Pyè 1:21 

Se sa menm Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan. –Lik 1:70 

Se lespri Senyè a k'ap pale nan mwen. Se mesay li k'ap sòti nan bouch mwen. –2 Samyèl 23:2 

Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n ka mete tout espwa nou nan Bondye. –Women 15:4 

Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo sòti. Y'ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k'ap fè fot, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye. –2 Timote 3:16 

Nou nan lerè wi. Nou pa konprann sa ki ekri nan Liv la, ni nou pa konnen pouvwa Bondye. –Matye 22:29b 

...Map fè lwanj ou,... paske ou fè sa ou te pwomèt la. Se tout moun k'ap nonmen non ou kou-nyeya. –Sòm 138:2b


JEZI SE PAWOL BONDYE — 27

Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l pawòl Bondye. –Revelasyon 19:13 

Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou. Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou. –Jan 1:1, 14a 

Jezi fè moun konnen Bondye Pèsonn pa janm wè Bondye. Men, sèl Pitit Bondye a, li menm ki Bondye tou, li menm k'ap viv kòtakòt ak Papa a, se li menm ki fè moun konnen Bondye. –Jan 1:18 

Bondye pale pà mwayen Jezi Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou l te ka pale ak zansèt nou yo. Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt. –Ebre 1:1, 2 

Moun ki pa renmen m, li p'ap fè tou sa m di l fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo sòti, men se nan Papa m ki voye m lan yo sòti. –Jan 14:24


KOMAN YO KONPARE PAWOL VIVAN AN AK PAWOL EKRI A — 28

Bib la Se Manje pou Nanm la 

Mwen te fè volonte l, mwen pa fè sa m te gen nan tèt mwen. –Jòb 23:12b 

Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou. –Matye 4:4b 

Bib la Klere Chemen Nou 

Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen. Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann. –Sòm 119:105, 130 

Jezi Se Pen Ki Sòt nan Siyèl la 

Se mwen menm pen ki bay lavi a, pen ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou tout moun ki sou latè ka jwenn lavi. –Jan 6:51 

Jezi Se Limyè Monn nan 

Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa. –Jan 8:12

Bib la Ede Nou Viv You Vi Ki Itil 

Men ki pran tout plezi l nan lalwa Senyè a, k'ap repase l nan tèt li lajounen kou lannwit. Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l fè sòti byen. –Sòm 1:2, 3

Jezi Ban Nou Yon Vi Ki Itil  

Se pou n fè yonn ak mwen, jan mwen fè yonn ak nou. Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè m, moun mwen fè yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san mwen. –Jan 15:4a, 5

BIB LA PALE NOU DE JEZIKRI

N'ap plede etidye sa ki ekri nan Liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn lavi ki pa janm fini an ladan li. Men, se Liv sa a menm ki pale sou mwen. Si nou te kwè tout bon nan Moyiz, nou ta kwè nan mwen tou, paske li ekri sou mwen tou. Jan 5:39, 46 

Epi li pran esplike yo tou sa ki te ekri sou li nan Liv yo. Li konmanse ak Liv Moyiz yo, li pase nan tout Liv pwofèt yo. –Lik 24:27


PAWOL ETENEL BONDYE A PA JANM CHANJE — 30

Senyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la. Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan. –Sòm 119:89, 160

Wi, zèb la cheche, flè a fennen, Men, pawòl Bondye nou an la pou tout tan! –Ezayi 40:8 

Tout tan syèl la ak tè a va la, pa yon ti detay, ni yon sèl ti bout lèt nan lalwa a p'ap disparèt, jouk tout bagay ki pou rive yo rive. –Matye 5:18b 

Nou konnen sa Liv la di, li di l nèt. –Jan 10:35a 

Lezòm Pa Dwe Oze Chanje Bib la Se pou nou toujou fè tou sa mwen mande nou fè la a, san nou pa ni mete ni wete anyen ladan yo. –Detewonòm 12:32 

Pa fè l di sa li pa di. Si ou fè sa, l'a fè ou repwòch, l'a fè tout moun wè se mantò ou ye. –Pwovèb 30:6 

Konsa tou, si yon moun wete anyen nan pawòl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pòsyon ki ta pou li...nan liv sa a. –Revelasyon 22:19a 

Lè ou pa respekte pawòl ki nan lalwa Bondye a, se dèt ou fè. –Pwovèb 13:13a


LAMO JEZU A TE REYALIZE PLAN BONDYE A — 31

Papa a renmen m, paske m'ap bay lavi m pou m ka resevwa l ankò. Pèsonn pa ka wete lavi m, se mwen menm ki bay li paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m bay li, mwen gen pouvwa pou m resevwa l ankò. –Jan 10:17, 18a 

Ou pa konnen mwen ta ka rele Papa m vin ede mwen. Menm lè a, li ta voye depase douz lame zanj ban mwen. Men lè sa a, ki jan sa ki ekri nan Liv la ta ka rive vre? Paske Liv la di: Se konsa pou sa pase. –Matye 26:53, 54 

Men, depi nan tan lontan, Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo ki jan Kris li a te gen pou l soufri. Se konsa sa l te di a vin rive vre. –Travay 3:18 

Yo te lage nonm sa a nan men nou, jan Bondye te vle l la, dapre plan li te deja fè nan tèt li. Nou menm, nou fè touye l, nou fè yon bann mechan kloure l sou yon kwa. –Travay 2:23 

Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l anba soufrans konsa, pou l te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. –Ezayi 53:10a 

Eske se pa pou Kris la te soufri bagay sa yo anvan pou l te resevwa lwanj li? –Lik 24:26


ANPIL TEMWEN TE RAKONTE LAMO JEZI A — 32

Yo te kloure de ansasen sou de lòt kwa, anmenmtan avèk Jezi, yonn sou chak bò. [Se konsa pawòl ki te ekri a vin rive vre: Yo mete l ansanm ak mechan yo.] –Mak 15:27, 28 

Se lè sa a, sòlda yo vini, yo kraze janm premye nonm yo te kloure sou kwa menm lè ak Jezi a. Apre sa, yo kraze janm dezyèm lan tou. Men, lè yo rive sou Jezi, yo wè li te gentan mouri. Se sa k fè yo pat kraze janm li yo. Men, yonn nan sòlda yo pèse bò kòt li avèk yon lans. Lamenm, dlo ak san koule sot nan twou a. Moun k'ap rapòte bagay sa yo te wè yo ak je li. Sa l'ap di a se vre. Li konnen li menm l'ap di laverite, pou nou menm tou nou ka kwè. Tou sa pase konsa pou pawòl ki te ekri nan Liv la te ka rive vre: Yo pa kraze yon sèl zo nan kò li....Y'a leve je yo gade, y'a wè moun yo te pèse a. –Jan 19:32-37 

Jezi bay yon gwo rèl ankò, epi li mouri. Menm lè a, rido ki te nan tanp lan chire an de moso, depi anwo jouk anba. Tè a tranble. Wòch yo fann. Lè ofisye lame a ansanm ak gad ki t'ap veye Jezi ansanm avè l yo wè tranblemanntè a ak tou sa ki te pase, yon sèl lapè pran yo. Yo di: Se vre wi, nonm sa a te Pitit Bondye. –Matye 27:50-51, 54


JEZI TE GANYEN LAVIKTWA SOU PECHE — 33

Men, Bondye fè l leve vivan ankò, li delivre l anba doulè lanmò a, paske se pat posib pou lanmò te kenbe l anba pouvwa li. Bondye fè Jezi sa a leve sòti vivan. Nou tout nou temwen bagay sa a. –Travay 2:24, 32 

Moun li rele pitit li yo, se moun ki gen yon kò ki fèt ak chè ak san. Jezi vin tankou yo tou, menm chè ak yo, menm san ak yo. Konsa, lè li mouri, li detwi Satan ki te gen pouvwa pou touye moun. Li delivre tout moun ki pase tout lavi yo esklav paske yo te pè lanmò. –Ebre 2:14, 15 

Lanmò! Kote batay ou genyen an? Lanmò! Kote pouvwa ou te gen pou fè nou lapenn lan? Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Senyè nou an! –1 Korent 15:55, 57 

Mwen se moun ki vivan an. Mwen te mouri, men kounyeya, mwen vivan pou tout tan. Mwen gen pouvwa sou lanmò ak sou peyi kote mò yo ye a. –Revelasyon 1:18 

Kounyeya, li fè nou konnen favè sa a avèk Jezikri, Sovè nou, ki te vini an. Paske, Jezikri kraze pouvwa lanmò te genyen an. Avèk bòn nouvèl la, li fè lavi ki p'ap fini nan lanmò a parèt aklè. –2 Timote 1:10


KISA NOU DWE FE AK JEZI? — 34

Koute. Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m, si l louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè l, l'a manje ansanm avèk mwen. –Revelasyon 3:20 

Okontrè, moun ki pa fè okenn travay pou yo dwe li kichòy, men ki mete konfyans li nan Bondye sèlman, Bondye k'ap fè tout moun ki meprize l yo gras, ap fè moun sa yo gras tou paske yo mete konfyans yo nan li. Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Senyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l leve sòti vivan pami mò yo, w'a sove. –Women 4:5; 10:9 

Resevwa Sentespri. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nèt ale. –Jan 20:22b; 16:24b 

Moun ki renmen papa l osinon manman l plis pase m pa kapab moun pa m. Apre sa, Jezi di disip li yo: Si yon moun vle mache dèyè m, se pou li bliye tèt li. Se pou l chaje kwa l sou zepòl li, epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen, li va jwenn li ankò. –Matye 10:37a; 16:24, 25 

Mete konfyans ou nan Senyè Jezi, epi w'a va delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou. –Travay 16:31


NOU GEN YON LAVI NOUVO NAN JEZI — 35

Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li. Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a nonplis. –1 Jan 5:11, 12 

Se sa k fè, se pa mwen k'ap viv ankò, se Kris la k'ap viv nan mwen: lavi m'ap mennen nan kò m kounyeya, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki te renmen m sitèlman li te rive bay lavi l pou mwen. –Galat 2:20 

Gremesi pawòl Bondye a ki yon pawòl vivan epi ki la pou tout tan, nou resvwa yon lòt lavi. Fwa sa a, nou pa sòti nan yon jèm ki ka mouri, men nan yon jèm ki pa ka mouri. –1 Pyè 1:23 

Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri, li delivre nou anba lalwa peche a ansanm ak anba lanmò. –Women 8:2 

Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya. –2 Korent 5:17 

Tankou timoun ki fenk fèt, se pou nou kriye dèyè bon lèt san dekoupe ki sòti nan Bondye, pou nou kapab grandi, pou nou ka-pab fin delivre nèt. –1 Pyè 2:2


BONDYE SE YON PAPA POU PEP LI A — 36

Bondye rete nan kay ki apa pou li a, li sèvi papa pou timoun ki san papa yo, li pwoteje vèv yo. –Sòm 68:5 

Men, Senyè, se ou ki papa nou! Se tè krich nou ye. Se ou menm k'ap ban nou fòm. Se ou menm ki te fè nou ak men ou. Se ou menm, Senyè, ki papa nou. Se ou menm ki toujou delivre nou! –Ezayi 64:8; 63:16b 

Si kounyeya Bondye ap di: Nou pa moun pa m ankò, yon jou la di yo: Nou se pitit Bondye vivan an. –Oze 1:10b 

Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou bon bagay lè nou mande li. Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou. –Matye 7:11; 6:9 

Lè sa a, mwen menm, m'a resevwa nou. M'a tankou yon papa pou nou. Nou menm, n'a tankou pitit gason m ak pitit fi mwen. Se Mèt ki gen tout pouvwa a ki di sa. –2 Korent 6:17b, 18 

Paske, tout moun Lespri Bondye a ap dirije, se pitit Bondye yo ye. –Women 8:14


NOU KONNEN BONDYE KOM YON PAPA, NAN JEZI — 37

Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen. Si nou konnen m, n'a konn Papa m tou. Moun ki renmen m, se li menm ki va fè tou sa m di l fè. Papa m va renmen l tou. Papa m va vin jwenn li ansanm avè m, n'a viv nan li. –Jan 14:6, 7a, 23b 

Bondye te voye pwòp pitit li.... pou n te kapab vin pitit Bondye. Pou fè nou wè nou se pitit li tout bon, Bondye te voye Lespri Pitit li a k'ap rele: Papa, nan kè nou. Se paske nou gen konfyans nan Jezikri kifè nou se pitit Bondye. –Galat 4:4b, 5b-6; 3:26 

Men, sa ki te resevwa l yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye. –Jan1:12 

Men, si yon moun rive fè peche, nou gen yon avoka k'ap plede pou nou bò kote Papa a: Se Jezikri, moun ki te mache dwat devan Bondye a. –1 Jan 2:1b 

Paske, gremesi Kris la, nou tout, kit nou jwif kit nou pa jwif, nou ka pwoche bò kote Papa a, nan pouvwa yon sèl ak menm Sentespri a. –Efezyen 2:18


JEZI POTE LAMOU, LAJWA, LAPE — 38

Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak yo. –1 Jan 4:16b 

Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la. –Efezyen 4:32 

Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye. –Jan 13:35 

Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze. –Galat 5:22a 

W'a fè m konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m, mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Sen- yè, se yon plezi ki p'ap janm fini. –Sòm 16:11 

Kounyeya, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an. –Women 5:1 

M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè. –Jan 14:27 

Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l...La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri. –Filipyen 4:7


JEZI VA RESISITE MOUN KAP SWIV LI TOUT BON YO — 39

Si Lespri Bondye ki te fè Jezikri leve sòti vivan nan lanmò a rete nan nou, li menm ki te fè Jezikri leve sòti vivan nan lanmò a, li va bay kò nou yo ki la pou mouri a lavi tou, pa pouvwa Lespri li a ki rete nan nou. –Women 8:11 

Bondye te fè Senyè a leve sòti vivan nan lanmò. L'a fè menm bagay la tou pou nou ak pouvwa li. –1 Korent 6:14 

Men sa Papa m vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a. –Jan 6:40 

Paske menm jan se yon sèl moun ki fè lanmò antre sou latè, menm jan an tou se yon sèl moun ki fè moun ki mouri yo kapab leve vi- van ankò. Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò. Men, chak moun va leve sòti nan lanmò nan tan pa yo: Kris la an premye anvan tout moun, apre sa, moun ki pou Kris la, se va tou pa yo pou yo leve sòti vivan lè Kris la va tounen ankò. –1 Korent 15:21-23 

Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv. –Jan 14:19b


PA NEGLIJE GRAN SALI SA A — 40

Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l lan. –Jan 12:48a 

Lè yon moun te dezobeyi lalwa Moyiz la, depi te gen de osinon twa moun ki vin depoze kont li, se touye pou yo te touye l san pitye. Nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap meprize Pitit Bondye a, yon moun ki pran san Pitit Bondye a pou anyen, san ki sèvi pou siyen kontra Bondye a, san ki mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, san ki mete nou apa pou Bondye a. Wi, nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap joure Lespri Bondye ki ban nou favè li a. Nou tou konnen li merite yon pi gwo chatiman. –Ebre 10:28, 29 

Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a. –Jan 8:24 

Nou menm ki zanmi m, m'ap di nou sa. Nou pa bezwen pè moun ki touye kò men ki pa kapab fè anyen plis pase sa. M'ap moutre nou moun pou nou pè a: Se Bondye pou nou pè. Lè Bondye fin touye, li gen pouvwa pou l jete nan lanfè apre sa. Wi, mwen di nou se li menm pou nou pè. –Lik 12:4, 5


JEZIKRI VA JIJE NOU — 41

Se konsa tou, li fikse yon jou lè li gen pou l jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prèv la lè l fè nonm sa a leve sòti vivan nan lanmò. –Travay 17:31 

Papa a pa jije pèsonn, men li bay Pitit la tout pouvwa pou jije. Konsa, tout moun va gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Moun ki pa respekte Pitit la, li pa gen respè pou Papa ki voye l la nonplis. –Jan 5:22, 23 

Paske, nou tout nou gen pou n konparèt devan Kris la pou li ka jije nou. Lè sa a, chak moun va resevwa sa ki pou li dapre byen osinon dapre mal li te fè antan l te nan kò sa a. –2 Korent 5:10 

Bondye va voye Jezikri pou jije tou sa lèzòm t'ap fè an kachèt. –Women 2:16b 

Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa. L'a parèt nan mitan gwo flanm dife pou pini tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p'ap mache dapre bòn nouvèl ki pale sou Jezi, Senyè nou an. –2 Tesalonisyen 1:7b, 8 

Kanta lènmi m yo ki pat vle mwen pou wa yo, mennen yo isit, touye yo la devan je mwen. –Lik 19:27


SE PA TOUT MOUN KI DI YAP SWIV JEZI KI MOUN JEZI TOUT BON — 42

Y'ap mache di yo konn Bondye. Men, sa y'ap fè a demanti yo. –Tit 1:16a 

Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la. –Women 8:9b 

Y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè.... –Ezekyèl 33:31b 

Se nan bouch pèp sa a respekte mwen. Men, kè yo byen lwen mwen. –Matye 15:8 

Se pa tout moun k'ap plede di m: Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la. Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m: Mèt, Mèt, se sou non ou nou t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak. Lè sa a, m'a di yo: Mwen pat janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal. –Matye 7:21-23 

Konsa tou, sou deyò nan je moun, nou sanble moun k'ap mache dwat devan Bondye. Men anndan kè nou, nou plen ipokrizi ak mechans- te. –Matye 23:28


VRE SEVITE JEZI YO OBEYI LI — 43

Si nou fè sa Bondye mande nou fè, lè sa a nou mèt sèten nou konnen li. –1 Jan 2:3 

M'ap mete Lespri m nan nou, kon- sa m'ap fè nou mache dwat dapre lòd mwen ban nou, pou nou fè tou sa mwen mande nou fè. N'a kenbe prensip mwen yo. –Ezekyèl 36:27 

Lè li fin bon nèt, li tounen yon delivrans pou tout moun ki obeyi l, yon delivrans k'ap delivre yo pou tout tan. –Ebre 5:9 

Nou delivre anba peche. Kou-nyeya se esklav sa ki byen nou ye.–Women 6:18 

Se Bondye ki fè nou. Nan Jezikri li kreye nou pou nou ka fè anpil bon zèv nan lavi nou, dapre sa li te pare davans pou nou te fè. –Efezyen 2:10 

Men, si Kris la ap viv nan ou, kò ou te mèt mouri akòz peche a, Lespri Bondye a ap ba ou lavi, paske ou jwenn gras devan Bondye. Si n'ap viv dapre egzijans kò a, n'a mouri. Men, si okontrè, pa pouvwa Lespri Bondye n'ap swiv la, nou fè egzijans kò a mouri, n'a viv. –Women 8:10, 13 

Tout moun ki di se pou Senyè a y'ap viv, se pou yo sispann fè sa ki mal. –2 Timote 2:19b 

Pyè ansanm ak lòt apòt yo reponn li: Se pou n obeyi Bondye pase pou n obeyi moun. –Travay 5:29


LEMONN RAYI MOUN KAP SWIV JEZI YO — 44

Si moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m anvan yo te rayi nou. Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò. –Jan 15:18, 19 

Mwen te ba yo pawòl ou. Le- monn rayi yo paske yo menm yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm mwen pa moun lemonn. –Jan 17:14 

Yon lè, moun k'ap touye nou yo va mete nan tèt yo se sèvis y'ap rann Bondye lè yo fè sa. Y'ap fè tou sa paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm. –Jan 16:2b, 3 

Li sitèlman renmen nou li rele nou pitit li....Se poutèt sa lemonn pa konnen nou, paske li pa konnen Bondye. –1 Jan 3:1b 

Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n antre nan peyi kote Bondye wa a. –Travay 14:22b 

Tout moun ki vle viv nan sèvis Bondye ansanm ak Jezikri gen pou soufri pèsekisyon. –2 Timote 3:12 

Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray, lemonn deja pèdi devan mwen. –Jan 16:33b 


PWOMES POU MOUN YAP PESEKITE YO — 45

Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou. –1 Pyè 5:7 

Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay. –Ezayi 41:10 

Papa m ak manman m te mèt lage m. Senyè a va ranmase mwen. –Sòm 27:10 

Si yo joure nou paske n'ap swiv Kris la, konsidere sa tankou yon benediksyon. Paske, Lespri ki gen gwo pouvwa a, Lespri Bondye a nan nou. –1 Pyè 4:14 

Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen? –Ebre 13:6 

Menm si m'ap pase nan yon ravin kote ki fè nwa anpil, mwen p'ap pè anyen, paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak gòl ou ki fè kè m pa kase. Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase. Sòm 23:4; 91:11 

Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kou-ray. Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri. –Filipyen 4:13, 19


VIKTWA SOU PECHE AK SOU SATAN — 46

Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, l'a ban nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka sòti anba li. –1 Korent 10:13 

Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite. –Ebre 4:16 

Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo. –1 Jan 1:7 

Konsa tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri. –Women 6:11 

Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou. –Jak 4:7 

Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m pa fè peche kont ou. –Sòm 119:11


LAPRIYE TOUT BON AN SE ZANMITAY AK BONDYE — 47

Ou pale nan kè m, ou di m vin jwenn ou. M'ap vin jwenn ou, Senyè. Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou. –Sòm 27:8, 62:8 

Senyè, geri m non, m'a gaya! Delivre m non, m'a sove! Se pou ou m'a fè lwanj. –Jeremi 17:14 

Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri. –1 Tesalonisyen 5:17, 18 

Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi. –Jak 1:5 

Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li. –Jan 15:7 

Mwen te kriye nan pye Senyè a, li te reponn mwen. Li delivre m anba tout sa ki t'ap fè m pè yo. –Sòm 34:4 

Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Senyè a pa ta koute sa m t'ap di l la. Senyè, poutèt non ou pote a, padonnen peche m yo, paske yo anpil. –Sòm 66:18; 25:11


JEZI AP VINI—METE OU PRET! — 48

Lè sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Senyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve sòti vivan an premye. Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, y'ap vin pran nou, nou menm ansanm ak moun ki sòti vivan nan lanmò yo, y'ap mete nou sou nyaj yo pou n'al kontre Senyè a anwo a. Konsa, nou tout n'ap toujou ansanm ak Senyè a. –1 Tesalonisyen 4:16, 17 

Mezanmi, se pou nou wi Bondye te fè tout pwomès sa yo. Ann kenbe kò nou ak nanm nou nan kondisyon pou n sèvi Bondye! Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete! Ann chache viv apa pou Bondye! Ann viv nan krentif li! –2 Korent 7:1 

Wi, pitit mwen yo, ann toujou fè yonn ak Kris la. Konsa, lè Kris la va parèt, n'a gen konfyans. Wi, jou l'a vini an, nou p'ap wont devan l, yo p'ap kapab voye nou jete byen lwen li. –1 Jan 2:28 

Nou menm tou, se pou n toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a va vini lè nou pa ta kwè! –Lik 12:40


SE POU NOU RANPLI AK LESPRI BONDYE A

Se pou n koute m lè m'ap rale zòrèy nou. M'ap di nou tou sa ki nan tèt mwen, m'ap fè nou konnen tou sa m konnen. –Pwovèb 1:23 

Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a. –Travay 2:38b 

Pa soule tèt nou ak diven, sa ka mennen nou nan debòch. Okontrè, plen kè nou ak Sentespri a, ak...chante Lespri Bondye a moutre nou. Chante kantik ak sòm pou Senyè a lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou. Nan non Senyè nou an, Jezikri, se tout tan pou n'ap di Bondye Papa a mèsi pou tout bagay. Se pou nou yonn soumèt devan lòt pa respè pou Kris la. –Efezyen 5:18-21 

Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nòu? Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye. –1 Korent 3:16; 6:20 

Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon. –Travay 4:31b


If you are interested in receiving additional studies of God's Word, write to the publisher in English at the address below or order online:

World Missionary Press, Inc.
P.O. Box 120
New Paris, Indiana 46553-0120 USA


World Missionary Press Home Page | Go to the Top of This Page

Hit Counter