World Missionary Press

Help From Above SEKOU SOT NAN SIYEL

Se Msye Watson Goodman ki te mete tout bon sijè sa yo ansanm
Ti Liv sa a pa fèt pou Vann

Bookmark and Share  


"SEKOU SOT NAN SIYEL" se you ansanm vèse Lekriti reuni pa sijè epi ki sòt nan dife-ran pàti Bib la. Mwen kwè pi bon komantè sou Lekriti yo se Bib la limenm.  Pawòl Bondye ke nou jwenn nan Bib la "sòti nan syèl", e li kapab bay konsolasyon nan tout kè kap chache jistis Bondye. Lè you moun repanti epi kite peche li yo, mete konfians li nan Jezikri,
la resevwa lajwa e lapè Senyè a nan kè li. Se sak te rive nan lavi pam nan lane 1937, e depi lè sa a, mwen pa janm pèdi konminyon ak Senyè Jezikri a. Mwen ta lapriyè ou fè menm bagay jodi a, si ou poko konvèti.
—Watson Goodman

"Pawol Bondye an Ayisyen. ©Societe Biblique Haitienne, Editon Corrigee 1998 - United Bible Societies. Permission granted by American Bible Society."


LAMOU BONDYE A — 1

Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil. Paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou. –Women 5:8

Se te jou anvan fèt Delivrans jwif yo. Jezi te konnen lè a te rive pou l te kite tè sa a, pou l'al jwenn Papa a. Li pat manke renmen moun pa l yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo nèt ale. –Jan 13:1

Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo. –Jan 15:13

Benediksyon ak kè poze sòti nan Jezikri tou, li menm ki te bay verite a jan l ye a, li menm premye pitit ki leve sòti vivan nan lanmò a, li menm ki chèf tout wa ki sou latè. Kris la renmen nou, li bay san li lè li mouri pou l te ka delivre nou anba peche nou yo. –Revelasyon 1:5

Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pèdi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an. –Jan 3:16

Byen lwen, Senyè a te fè m wè li. Li t'ap di: Nou menm moun pèp Izrayèl, mwen p'ap janm sispann renmen nou. Se poutèt sa m'ap toujou aji byen ak nou. –Jeremi 31:3


DIVINITE JEZIKRI A — 2

Tout moun fèt pou rekonèt jan sekrè relijyon nou an se yo gwo zafè. Li te parèt tankou yon moun. Lespri a fè nou wè jan li mache dwat devan Bondye. Epi tout zanj yo te wè l tou. Se li menm y'ap mache fè konnen nan tout nasyon. Se nan li moun toupatou mete konfyans yo. Apre sa, yo resevwa l nan syèl la. –1 Timote 3:16

Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou. Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. –Jan 1:1, 14

Mwen menm ak Papa m, nou fè yon sèl. –Jan 10:30

Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l te di: Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. Y'a rele l Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.) –Matye 1:22, 23

Jezi reponn li: Depi tout tan sa a mwen la avè nou, Filip, ou poko konnen m toujou? Moun ki wè m, li wè Papa a. Ki jan ou ka fè di: Moutre m Papa a? Gen lè ou pa kwè mwen nan Papa a? Ou pa kwè Papa a nan mwen tou? Tout pawòl mwen di nou yo, se pa nan mwen yo sòti. Papa a ki fè yonn ak mwen an, se li menm k'ap fè travay li. –Jan 14:9, 10


JEZI SE PITIT BONDYE A — 3

Moun ki rekonèt Jezi pou Pitit Bondye a, Bondye fè yonn ak yo, yo fè yonn ak Bondye.  –1 Jan 4:15

Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou. Pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbray. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l Pitit Bondye. –Lik 1:35

Nou gen  yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l: Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a! –Ezayi 9:6

Antan Pyè t'ap pale toujou, yon nyaj byen klere vin kouvri yo. Yo tande yon vwa sòti nan nyaj la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil. Koute li. –Matye 17:5

Nonm lan reponn li: Mèt, di m ki moun li ye pou m ka kwè nan li? Jezi reponn li: Apa w'ap gade li Se li menm, Pitit Bondye a, k'ap pale avè ou la a wi. –Jan 9:36, 37

Se nan lavi Kris la t'ap mennen nan kò li a nou jwenn tou sa Bondye ye. –Kolosyen 2:9


JEZI DI NOU KI MOUN LI YE — 4

Jezi reponn yo: Nou sòti anba, mwen menm mwen sòti anwo. Nou se moun tè sa a, mwen menm mwen pa moun tè sa a. Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Abraram pat ankò fèt, mwen menm, mwen te la deja. –Jan 8:23, 58

Fanm lan di li: Mwen konnen Mesi a, moun yo rele Kris la, gen pou l vini tou. Lè l'a vini, l'a esplike nou tout bagay sa yo. Jezi reponn li: Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen se Kris la. –Jan 4:25, 26

Toutotan mwen la sou latè, mwen se limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. –Jan 9:5

Jezi di yo ankò: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mwen se pòt pak mouton yo. –Jan10:7

Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. –Jan 11:25

Nou rele m Mèt, nou rele m Senyè. Nou gen rezon, se sa m ye vre. –Jan 13:13

Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen. –Jan 14:6


KEK MIRAK JEZI TE FE — 5

Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun. Tout moun manje vant plen. Apre sa, disip yo plen douz panyen ak ti moso ki te rete, yo pote ale. Te gen senkmil (5,000) gason konsa ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun. –Matye 14:19-21

Lè li fin pale, li di Simon konsa: Vanse kannòt la plis nan fon. Jete senn ou pou peche. Simon reponn li: Mèt, nou pase tout nwit lan ap travay san nou pa pran anyen. Men, paske se ou ki di nou fè sa, nou pral lage senn lan. Yo lage senn lan. Yo pran yon kantite pwason. Tèlman pwason yo te anpil, senn lan t'ap chire. –Lik 5:4-6

Te gen de avèg chita bò chemen an. Yo annik tande se Jezi ki t'ap pase, yo pran rele: Mèt, pitit David la, pitye pou nou. Jezi...di yo: Kisa nou vle m fè pou nou? Yo di li: Mèt, fè nou wè nan je nou ankò. Kè Jezi fè l mal pou yo, li manyen je yo. Menm lè a de mesye yo wè, epi yo swiv Jezi. –Matye 20:30, 32b-34


JEZIKRI SE KREYATE AK SENYE — 6

Se ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak li li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou li li te kreye yo. –Kolosyen 1:16

Tout moun va rekonèt Jezikri se Senyè a. Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a. –Filipyen 2:11

Bondye...pale ak zansèt nou yo. Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay. –Ebre 1:1a, 2

Tout pèp Izrayèl la fèt pou konnen sa byen: Jezi, nonm nou te kloure sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè, se li menm Bondye fè Kris la. –Travay 2:36

Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve sòti vivan ankò pou l te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo. –Women 14:9

Bondye ki rele nou pou nou ka viv ansanm ak Pitit li, Jezikri, Senyè nou an, ap toujou kenbe pawòl li. –1 Korent 1:9


JEZIKRI SE JIJ TOUT MOUN — 7

Men ou menm, poukisa pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, poukisa pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a. –Women 14:10

Men sa m'ap mande ou, devan Bondye ak devan Jezikri ki gen pou vini tankou yon wa pou jije tout moun, ni sa ki vivan ni sa ki mouri. –2 Timote 4:1

Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, l'a chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li. Tout nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, l'a separe yo fè de gwoup, menm jan moun k'ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò. –Matye 25:31, 32

Papa a pa jije pèsonn, men li bay Pitit la tout pouvwa pou jije. –Jan 5:22

Dapre Bòn Nouvèl m'ap anonse a, se sa menm ki gen pou rive lè Bondye va voye Jezikri pou jije tou sa lèzòm t'ap fè an kachèt. –Women 2:16

Li ban nou lòd mache fè konnen bòn nouvèl la bay pèp la, pou n fè konnen se Jezi menm Bondye mete pou jije tout moun san wete yonn, kit yo vivan kit yo mouri deja. –Travay 10:42


REDANMSYON NOU POSIB SELMAN NAN JEZIKRI — 8

Se mwen menm ki pòt la. Moun ki pase nan mwen pou antre, l'a sove. L'a antre, l'a sòti, l'a jwenn manje pou l manje.     –Jan 10:9

Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen. –Jan 14:6
Lè li fin bon nèt, li tounen yon delivrans pou tout moun ki obeyi l, yon delivrans k'ap deli-vre yo pou tout tan. –Ebre 5:9

Tout moun fè peche. Yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a. Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo. –Women 3:23, 24

Se poutèt sa, depi kounyeya, epi pou tout tan, li ka delivre tout moun, l'ap fè yo pwoche bò kote Bondye paske li menm li toujou vivan, l'ap lapriyè Bondye pou yo. –Ebre 7:25

Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou. –Travay 4:12

Paske, Bondye pat chwazi nou pou nou te tonbe anba kòlè li, men pou n te ka delivre, gremesi Jezikri, Senyè nou an. –1 Tesalonisyen 5:9


REDANMSYON NOU POSIB SELMAN NAN JEZIKRI — 9

Bondye mete nou ansanm ak Jezikri, li fè Kris la tounen bon konprann pou nou. Se Kris la ki fè Bondye fè nou gras. Se li menm k'ap fè nou viv apa pou Bondye, se li menm ki delivre nou. –1 Korent 1:30

Li te asepte mouri pou nou pou li te ka deli-vre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen. –Tit 2:14

Ak kè kontan, se pou nou di Papa a mèsi, li menm ki ban nou privilèj resevwa pòsyon pa nou nan eritaj Bondye sere pou tout moun pa l yo nan peyi limyè a. Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa. Se gremesi Pitit sa a nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo. –Kolosyen 1:12-14

Moun Bondye voye nan lachè a vin chache sa ki te pèdi pou l delivre yo. –Lik 19:10

Yo t'ap chante yon kantik tou nèf ki pati konsa: Wi, ou merite vre, ou kapab pran Liv la pou kase sele yo, paske yo te touye ou. Se konsa ou bay san ou pou achte yon bann moun pou Bondye, moun tout ras, tout lang, tout pèp, tout nasyon. –Revelasyon 5:9


SE SAN JEZIKRI VESE A KI PEYE PRI PECHE NOU — 10

Se paske li bay san li pou nou kifè kounyeya Bondye fè nou gras. Nou pa bezwen mande si Kris la p'ap delivre nou tou anba kòlè Bondye. –Women 5:9

Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo. Bondye fè nou wè jan li renmen nou anpil. –Efezyen 1:7
Paske, sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo. –Matye 26:28

Bondye wete nou nan lavi san sans nou te resevwa nan men zansèt nou yo. Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pat avèk bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò. Men, se avèk gwo ofrann san Kris la ki te koule lè li te ofri tèt li tankou yon ti mouton san defo ni okenn enfimite. –1 Pyè 1:18, 19

Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo. –1 Jan 1:7

Nou jwenn tout plezi nou nan Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an, ki fè nou byen ak Bondye ankò depi kounyeya.  –Women 5:11b


SALI A PA LAFWA NAN JEZIKRI  — 11
 
  
Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou. Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo. –Efezen 2:8, 9

Kounyeya, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an. –Women 5:1

Paske, lè n'ap viv ansanm ak Kris la, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi, sa pa fè anyen. Sa ki konsekan an se pou nou gen konfyans nan Bondye, yon konfyans k'ap fè nou viv ak renmen nan kè nou. –Galat 5:6

Mete konfyans ou nan Senyè Jezi, epi w'a va delivre.... –Travay 16:31b

Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè genyen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye. –1 Jan 5:4

Lè sa a, yo mande li: Kisa pou n fè si nou vle fè travay Bondye? Jezi reponn yo: Sèl travay Bondye mande nou pou n fè, se pou nou mete konfyans nou nan moun li voye a. –Jan 6:28, 29

Tou sa ki ekri nan Liv sa a, mwen ekri yo pou nou ka kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye, pou lè nou kwè a nou ka gen lavi nan li. –Jan 20:31


MIZERIKOD BONDYE A — 12

Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an. –2 Korent 1:3

Pa gen bondye tankou ou, ou menm ki padonnen mechanste ti rès ki rete nan pèp ou a, ou menm ki pa gade sou sa yo fè ki mal. Ou pa fache pou tout tan. Ou pran tout plezi ou nan gen pitye pou moun. –Miche 7:18

Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou. –Sòm 108:4

Senyè a pa janm sispann renmen nou. L'ap toujou gen pitye pou nou. Tankou solèy la ki leve chak maten konsa tou l'ap toujou kenbe pawòl li. –Lamantasyon 3:22, 23

Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Senyè a renmen moun ki gen krentif pou li. Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo. –Sòm 103:11, 17

Li te delivre nou. Li pat delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n te ka viv yon lòt jan. –Tit 3:5


BONDYE ENVITE TOUT MOUN VIN JWENN NI — 13

Senyè a di konsa: Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m'ap lave nou. M'ap fè nou vini blan kou koton. Nou te mèt tache wouj fonse, m'ap blanchi nou, m'ap fè nou blan kou lenn mouton. –Ezayi 1:18

Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: Vini non. Se pou tout moun ki tande sa di tou: Vini non. Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwè dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l gratis. –Revelasyon 22:17

Vini non, nou tout ki swaf dlo. Men dlo! Vini non, nou tout ki pa gen lajan, nou mèt vini. Achte manje pou nou manje. Nou pa bezwen lajan! Achte diven ak lèt pou nou bwè. Nou pa bezwen peye! –Ezayi 55:1

Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè. –Jan 7:37

Lè Jezi wè sa, li pat kontan menm. Li di disip yo: Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa anpeche yo vini, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo. –Mak 10:14


SE PA TOUT MOUN KI PITIT BONDYE YO — 14

Depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye. –1 Jan 3:10b

Paske, tout moun Lespri Bondye a ap dirije, se pitit Bondye yo ye. Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k'ap fè nou esklav pou n'ap tranble devan Bondye toujou. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa. –Women 8:14, 15

Pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou bon pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann moun malonèt ak bann mechan sa yo ki sou latè. Se pou nou klere nan mitan yo tankou zetwal nan syèl la.   –Filipyen 2:15

Se poutèt sa, Bondye te di nou: Sòti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lè sa a, mwen menm, m'a resevwa nou. M'a tankou yon papa pou nou. Nou menm, n'a tankou pitit gason m ak pitit fi mwen. Se Mèt ki gen tout pouvwa a ki di sa. –2 Korent 6:17, 18

Men, sa ki te resevwa l yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye. –Jan 1:12


SA BONDYE DI O SIJE BWESON KI GEN ALCOL — 15

Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis. Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil. Yonn anvye sò lòt, yo taf-yatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a. –Galat 5:19-21

Ann mennen bak nou jan nou dwe, tankou moun k'ap viv gwo lajounen. Pa fè eksè nan manje ni nan bwè. Pa lage tèt nou nan debòch ni nan vis. Pa chache moun kont, pa fè jalouzi. Se pou nou pran Jezikri Senyè a tankou yon zam mete sou nou. Pa kite egzijans kò a pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè. –Women 13:13, 14

Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l, li desann dous nan gòj ou. Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou. –Pwovèb 23:31, 32

Twòp bweson fè ou pase moun nan betiz. Twòp gwòg fè ou pete kabouya, fè lòbèy. Lè ou sou, ou aji tankou moun fou. –Pwovèb 20:1


SENSERITE PA ASE — 16

Jezi reponn li: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou. Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan. –Matye 22:37, 38

Antan Jezi t'ap sòti pou l'al fè wout li, yon nonm kouri vini. Li lage kò l ajenou devan Jezi, li mande li: Bon Mèt, kisa pou m fè pou m resevwa lavi ki p'ap janm fini an? Jezi di li: Poukisa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye. Ou konn kòmandman yo: Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlè. Piga ou fè manti sou moun. Piga ou twonpe moun. Respekte papa ou ak manman ou. Li reponn Jezi: Mèt, mwen swiv tout bagay sa yo depi m te ti katkat. Jezi gade nonm lan, li renmen l, epi l di li: Yon sèl bagay ou manke: Ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, w'a gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen. Men, pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil. Li vin kagou, li vire do l, l ale, paske li te gen anpil byen. –Mak 10:17-22

Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò. –Pwovèb 16:25


  PINGA NOU TWONPE TET NOU  — 17

Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte. –Galat 6:7

Pitit mwen yo, pa kite pèsonn twonpe nou. Moun ki fè sa ki dwat, se li ki dwat devan Bondye, menm jan ak Kris la ki dwat. Moun k'ap kontinye viv nan peche, se moun Satan yo ye, paske Satan ap fè peche depi nan konman-sman. –1 Jan 3:7, 8a

Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason, moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. –1 Korent 6:9, 10

Pa kite pèsonn twonpe nou ak pawòl san sans yo: se poutèt bagay sa yo menm kòlè Bondye tonbe sou moun ki refize obeyi l yo. –Efezyen 5:6

Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe. –Jak 1:22


PECHE MENNEN NAN LAMO — 18

Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche. –Women 5:12

Konsa, move dezi a travay nan kè li, li fè l fè peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò. –Jak 1:15

Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze. Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm. –Women 8:6, 7

Moun ki fè peche, se yo k'ap mouri. Yon pitit p'ap peye pou peche papa l te fè, ni yon papa p'ap peye pou peche pitit li fè. Moun ki ma-che dwat va jwenn rekonpans pou dwat yo te mache dwat la. Mechan an va peye pou mechanste li fè a. –Ezekyèl 18:20

Yon moun ki sòti pou fè sa ki dwat ap toujou viv. Men, moun k'ap chache fè sa ki mal gen pou yo mouri. –Pwovèb 11:19

Peche peye nou kach: li ban nou lanmò. –Women 6:23a


KRIS TE GEN LAVIKTWA SOU LAMO — 19

Men, dapre Sentespri ki fè nou viv pou Bondye, li te fè nou wè avèk pouvwa se Pitit Bondye a li ye, lè l te leve sòti vivan nan lanmò. –Women 1:4

Lè l fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: Laza, sòti deyò! Mò a sòti, de pye l ak de men l yo tou mare ak bann twal, figi l tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: Demare l non, kite l ale. –Jan 11:43, 44

Papa a renmen m, paske m'ap bay lavi m pou m ka resevwa l ankò. Pèsonn pa ka wete lavi m, se mwen menm ki bay li paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m bay li, mwen gen pouvwa pou m resevwa l ankò. Se sa menm Papa a te ban m lòd fè. –Jan 10:17, 18

Apre sa li pwoche, li manyen sèkèy la. Moun ki t'ap pote l yo ret kanpe. Li di: Jennonm, se mwen menm k'ap pale avè ou. Leve. Epi mò a leve chita, li konmanse pale. –Lik 7:14, 15a

Mwen se moun ki vivan an. Mwen te mouri, men kounyeya, mwen vivan pou tout tan. Mwen gen pouvwa sou lanmò ak sou peyi kote mò yo ye a. –Revelasyon 1:18

Nan tout lènmi l yo, se lanmò k'ap kraze an dènye. –1 Korent 15:26


KOMANDMAN BONDYE YO — 20

[Senyè a di:] Piga nou sèvi lòt bondye pase mwen menm sèlman.
Piga nou janm fè okenn estati ni okenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la osinon bagay ki
sou latè ou ankò nan dlo anba tè a. Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo....
Piga nou janm nonmen non Senyè a, Bondye nou an, an jwèt osinon pou bay manti, paske mwen
menm, Senyè a, Bondye nou an, mwen p'ap manke pini moun ki nonmen non m pou gremesi.
Toujou chonje jou repo a pou nou mete l apa pou Bondye, jan mwen menm Senyè a, Bondye nou
an, te ban nou lòd fè l la. N'a travay sis jou. Lè sa a, n'a fè tou sa nou gen pou nou fè....
Respekte manman nou ak papa nou jan Senyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd la....
Piga nou janm touye moun.
Piga nou janm fè adiltè.
Piga nou janm pran sa ki pa pou nou.
Piga nou janm fè manti sou frè parèy nou nan tribinal.
Piga nou janm pote lanvi sou madanm frè parèy nou....ni sou anyen ki pou frè parèy nou. –Detewonòm 5:7-21


OU PA KAPAB KACHE DEVAN BONDYE —21

L'ap veye tout vire tounen lèzòm. L'ap gade tout kote y'ap mete pye yo. Pa gen okenn fènwa, ni okenn lonbray ki ka anpeche l wè sa mechan yo ap fè. –Jòb 34:21, 22

Pa gen kote yon moun ka al kache pou m pa wè l. Nou pa konnen mwen toupatou nan syèl la ak sou latè a? Se Senyè a menm ki di sa. –Jeremi 23:24

Ki bò mwen ta ale pou m pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m devan je ou? Si m moute nan syèl la, se la ou ye. Si m desann kote mò yo ye a, ou la tou. Fènwa pa fè nwa pou ou. Lannwit klere kou lajounen pou ou. Kit li fènwa, kit li lajounen, se menm bagay pou ou. –Sòm 139:7, 8 è 12

Je Senyè a toupatou, l'ap veye tout moun, bon kou mechan. –Pwovèb 15:3

Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l, san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè. –Ebre 4:13

Napwen anyen ki kache ki p'ap devwale, nanpwen sekrè pou moun pa rive konnen ki p'ap parèt aklè. –Lik 8:17


PINISYON ETENEL POU SA YO KI PA KONNEN BONDYE — 22

Moun Bondye voye nan lachè a va voye zanj li yo pou yo wete tout moun k'ap fè lòt moun fè peche, ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal. Y'a mete yo deyò nan Peyi kote l Wa a. Zanj yo va jete yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo. –Matye 13:41, 42

Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou. –Sòm 9:17

Chatiman moun sa yo, se disparèt y'ap disparèt yo pou tout tan. Y'ap wete yo devan Senyè a, y'ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Senyè a ak nan lwanj y'ap fè pou li a. –2 Tesalonisyen 1:9

Si se men ou osinon pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men osinon ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de men ou osinon ak de pye ou, epi pou yo jete ou nan dife ki p'ap janm fini an. –Matye 18:8

Apre sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an. –Matye 25:46


JIJMAN AP VINI — 23

Se konsa tou, li fikse yon jou lè li gen pou l jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prèv la lè l fè nonm sa a leve sòti vivan nan lanmò. –Travay 17:31

Konsa, Bondye konnen ki jan pou l delivre moun k'ap sèvi l yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l ka pini yo jou jijman an. –2 Pyè 2:9

Paske, nou tout nou gen pou n konparèt devan Kris la pou li ka jije nou. Lè sa a, chak moun va resevwa sa ki pou li dapre byen osinon dapre mal li te fè antan l te nan kò sa a. –2 Korent 5:10

Nou konnen nou renmen Bondye tout bon lè kè nou pa kase pou jou jijman an, paske n'ap viv nan lemonn tankou Kris la t'ap viv. –1 Jan 4:17

Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo. –Ebre 9:27

Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè. –Revelasyon 20:12a

Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo. –Women 14:12


GRAS JEZIKRIS LA — 24

Men, peche Adan an pa menm bagay ak kado Bondye bay pou gremesi a. Se fòt yon sèl moun ki lakòz yon bann lòt moun mouri. Men, favè Bondye a gen plis pouvwa toujou. Gremesi yon sèl moun, Jezikri, Bondye bay anpil moun yon kado ki pi gwo toujou. Se sa k fè, bagay konsa pa gade lèzòm, ou mèt tande yo vle, ou mèt tande yo fè. Se bagay ki gade Bondye sèlman, li menm ki gen kè sansib. –Women 5:15; 9:16

Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li. –1 Pyè 5:5b

Nou konnen ki favè Jezikri, Senyè a, fè nou. Li menm ki te rich, li fè tèt li tounen pòv pou nou. Konsa, lè l fè tèt li tounen pòv la, li fè nou rich. –2 Korent 8:9

Men, kote moun fè plis peche a, se la favè Bondye a vide pi rèd sou yo. Se sa k fè, menm jan peche a te bay lanmò lè l te donminen sou nou, konsa tou lè se favè Bondye a ki donminen sou nou, li fè moun gras, li ba yo lavi ki pa janm fini an, gremesi Jezikri, Senyè nou an. –Women 5:20b, 21

Se avèk anpil pouvwa apòt yo t'ap bay prèv ki jan Bondye te leve Jezi fè l sòti vivan nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon l an kantite sou yo tout. –Travay 4:33


REPANTANS LA — 25

Men, Bondye fèmen je l sou tout tan sa yo moun pase nan linyorans. Kounyeya li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li. –Travay 17:30

Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou.               –Lik 13:3

Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men l. –Matye 3:2

Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a. Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l ka efase peche nou yo. –Travay 2:38b, 3:19

Vire do bay tout vye peche nou te konn fè yo. –Ezekyèl 18:31a

Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo. –Pwovèb 28:13

Paske, lè yon moun sipòte lapenn li jan Bondye vle l la, sa chanje kè li pou l ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n regrèt. Men, lapenn nou sipòte jan tout moun fè l la, se touye l'ap touye nou. –2 Korent 7:10


PADON POU PECHE YO — 26

Si mechan an sispann fè peche li te konn fè yo pou li mache dapre lòd mwen yo, si li fè sa ki dwat ak sa ki byen, li p'ap mouri. Sèten l'ap viv. –Ezekyèl 18:21

Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou. –Matye 6:14

Jezi wè jan yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: Pitit mwen, peche ou yo padonnen. –Mak 2:5

Bondye voye Jezi fè nou konnen l'ap padonnen tout peche nou yo. Bondye fè l moute chita sou bò dwat li, li mete l Chèf sou nou, li fè l delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l tounen vin jwenn Bondye, pou l resevwa padon pou peche l yo. –Travay 13:38b; 5:31

Koute. Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m, si l louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè l, l'a manje ansanm avèk mwen. –Revelasyon 3:20

Y'a pran non l pou yo mache fè konnen mesay la nan tout peyi, konmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo. –Lik 24:47


NOU DWE SEPARE AK LEMONN — 27

Bondye fè konnen favè l pou tout moun ka delivre. Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t'ap mennen an ansanm ak tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a. –Tit 2:11, 12

Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k'ap viv nan fènwa, moun k'ap fè bagay ki p'ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye. –Efezyen 5:11

Pa renmen lemonn, ni anyen ki sòti nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen renmen pou Papa a nan kè li. Bagay ki sòti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta-syon, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa sòti nan Papa a. Se nan lemonn sa sòti. –1 Jan 2:15, 16

Ala moun pa gen konfyans nan Bondye! Eske nou pa konnen lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lènmi Bondye. –Jak 4:4

Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal! –Ezayi 1:16


NOUVEL NESANS LA — 28

M'ap mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m pale nou. –Ezekyèl 36:26

Nou konnen Kris la se yon moun ki te mache dwat devan Bondye. Se pou nou konnen tou, tout moun ki fè sa ki dwat devan Bondye se pitit Bondye yo ye. Nou konnen depi yon moun pitit Bondye, li p'ap kontinye ap viv nan peche toujou. Paske, Pitit Bondye a ap veye sou li, Satan pa ka fè l anyen. –1 Jan 2:29, 5:18

Men, kounyeya Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l. Gremesi Jezikri, Senyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an. –1 Korent 6:11b

Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pèsonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa.    –Jan 3:3

Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya. –2 Korent 5:17

Gremesi pawòl Bondye a ki yon pawòl vivan epi ki la pou tout tan, nou resevwa yon lòt lavi. Fwa sa a, nou pa sòti nan yon jèm ki ka mouri, men nan yon jèm ki pa ka mouri. –1 Pyè 1:23


MÒ O PECHE—VIVAN AN KRIS — 29

Nou menm moun Efèz, nou te mouri poutèt mechanste ak peche nou yo. Ansanm ak Kris la, Bondye fè nou leve sòti nan lanmò, li fè nou chita jouk anwo nan syèl la ansanm ak li tou. –Efezyen 2:1, 6

Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l pou l te ka geri nou. –1 Pyè 2:24

Nou menm ki deja leve sòti vivan ansanm ak Kris la nan lanmò, se pou nou chache bagay ki anwo nan syèl la kote Kris la chita sou bò dwat Bondye. Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la. Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye. Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lè la parèt, nou menm tou n'a parèt ansanm avè l nan tout bèl pouvwa li. –Kolosyen 3:1-4

Non. Sa pa ka fèt. Poukisa? Paske annegad peche nou mouri. Ki jan pou n ta ka kontinye ap viv toujou nan peche? Konsa tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri. –Women 6:2, 11


LAVI KI P'AP JANM FINI AN — 30

Moun ki simen sa ki fè kò l plezi, li gen pou l rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l rekòlte lavi ki p'ap janm fini an. –Galat 6:8

Menm jan Moyiz te leve sèpan ki te fèt an bwonz lan byen wo sou yon poto nan mitan dezè a, konsa tou yo gen pou yo leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo tou. Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p'ap janm fini an. –Jan 3:14, 15

Lavi ki p'ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri. –Jan 17:3

Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki de-zobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo. –Jan 3:36

Peche peye nou kach: li ban nou lanmò. Men kado Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Senyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini. –Women 6:23

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans nan moun ki voye m lan, l'ap gen lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap kondannen li. Li deja sòti nan lanmò, li antre nan lavi. –Jan 5:24


ASIRANS SALI A — 31

Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasi-rans se pitit Bondye nou ye. –Women 8:16

Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li. Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a nonplis. M'ap ekri nou lèt sa a, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye. –1 Jan 5:11-13a

Moun ki asepte kòmandman m yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l, epi m'a fè l wè mwen. –Jan 14:21

Paske tout moun ap fè sa ki dwat, y'a viv ak kè poze, san danje ni malè pou tout tan. –Ezayi 32:17

Pou fè nou wè nou se pitit li tout bon, Bondye te voye Lespri Pitit li a k'ap rele: Papa, nan kè nou. –Galat 4:6

Nou konnen nou fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak nou, paske li ban nou Sentespri li. –1 Jan 4:13

Si nou fè sa Bondye mande nou fè, lè sa a nou mèt sèten nou konnen li. –1 Jan 2:3


LE KRIS VIV NAN YOU KE, LI BAY LAJWA — 32

Kounyeya, m'ap vin jwenn ou. M'ap pale konsa pandan m sou latè a, pou jan kè m kontan an se konsa pou kè yo ka kontan tou nèt ale. –Jan 17:13

Mwen gen pou m wè nou ankò. Lè sa a, kè nou pral kontan, pèsonn p'ap ka wete kontantman sa a nan kè nou. –Jan 16:22b

Gouvènman Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon kèsyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo. –Women 14:17

Se sa k fè, se pa mwen k'ap viv ankò, se Kris la k'ap viv nan mwen: lavi m'ap mennen nan kò m kounyeya, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki te renmen m sitèlman li te rive bay lavi la pou mwen. –Galat 2:20

Mwen di nou tou sa pou kè kontan m lan ka nan nou, pou nou ka kontan nèt ale. –Jan 15:11

W'a fè m konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m, mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Senyè, se yon plezi ki p'ap janm fini. –Sòm 16:11


NOU DWE OBEYI BONDYE — 33

Nou konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l esklav pou n obeyi l, nou tounen esklav moun n'ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k'ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n'a esklav obeyisans k'ap fè nou mache dwat de-van Bondye. –Women 6:16

L'a ban nou repo ansanm avè m lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa. L'a parèt nan mitan gwo flanm dife pou pini tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p'ap mache dapre bòn nouvèl ki pale sou Jezi, Senyè nou an. Chatiman moun sa yo, se disparèt y'ap disparèt yo pou tout tan. Y'ap wete yo devan Senyè a, y'ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Senyè a ak nan lwanj y'ap fè pou li a. –2 Tesalonisyen 1:7b-9

Jòdi a, mwen mete benediksyon ak madichon devan nou. Se nou ki pou chwazi. Se va benediksyon pou nou si nou swiv tout kòmandman Senyè a, Bondye nou an, kòmandman mwen ban nou jòdi a. Men se va madichon pou nou si nou pa vle mache dapre kòmandman Senyè a, Bondye nou an. –Detewonòm 11:26-28a


NOU DWE TEMWAYE POU KRIS — 34

Tout moun va rekonèt Jezikri se Senyè a. Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a. –Filipyen 2:11

Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m'a kanpe pou li devan Papa m ki nan syèl la. Men tou, moun ki va kanpe devan lèzòm pou di li pa konnen m, mwen menm tou, m'a kanpe devan Papa m ki nan syèl la, m'a di mwen pa konnen l. –Matye 10:32, 33

Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Senyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l leve sòti vivan pami mò yo, w'a sove. Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l, se lè sa a Bondye fè l gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li. –Women 10:9, 10

Moun ki voye Pitit la jete, li voye Papa a jete tou. Moun ki rekonèt Pitit la, li rekonèt Papa a tou. –1 Jan 2:23

Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m ak tout bèl pouvwa Papa m, nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m tou. –Lik 9:26


SATAN, GRAN LENMI NOU AN — 35

Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'a chache moun pou l devore. Kanpe fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l. –1 Pyè 5:8, 9a

Apre sa, Lespri Bondye pouse Jezi ale nan dezè a pou Satan te ka tante l. Jezi reponn li: Wete kò ou sou mwen, Satan. Paske, men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi. Fwa sa a, grandyab la kite l. Latou, kèk zanj Bondye pwoche bò kote Jezi, yo sèvi l. –Matye 4:1, 10, 11

Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li. Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. –Efezyen 6:10, 11

Zam m'ap sèvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. M'ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon. –2 Korent 10:4

Mwen menm tou mwen padonnen li...pou pa bay Satan okenn avantaj sou nou. Paske nou konnen byen pwòp sa Satan gen nan tèt li. –2 Korent 2:10b, 11


LAVIKTWA SOU SATAN — 36

Moun li rele pitit li yo, se moun ki gen yon kò ki fèt ak chè ak san. Jezi vin tankou yo tou, menm chè ak yo, menm san ak yo. Konsa, lè li mouri, li detwi Satan ki te gen pouvwa pou touye moun. –Ebre 2:14

Moun k'ap kontinye viv nan peche, se moun Satan yo ye, paske Satan ap fè peche depi nan konmansman. Pitit Bondye a parèt toutespre pou kraze travay Satan an. –1 Jan 3:8

Pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo sòti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye.  Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a. –Travay 26:18

Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò? Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an. –Women 8:35, 37

Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou. Pwoche bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. –Jak 4:7, 8a


RENMEN, PREV NOU SE DISIP KRIS YO — 37

Menm si mwen ta konn pale tout kalite lang moun pale ansanm ak lang zanj yo pale, si m pa gen renmen nan kè m, bèl pawòl mwen yo pa pi plis pase yon tanbou k'ap fè anpil bwi, pase yon klòch k'ap sonnen. –1 Korent 13:1

Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè. Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. –Galat 5:22, 23a

Li mande l yon dezyèm fwa: Simon, pitit Jan, eske ou renmen mwen? Li reponn: Wi, Senyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen mouton m yo. –Jan 21:16

Si nou renmen m, se pou n obeyi kòmandman m yo. –Jan 14:15

Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l rayi frè l, moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l, yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a. –1 Jan 4:20

Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye. –Jan 13:35

Nou menm, nou konnen nou sòti nan lanmò, nou antre nan lavi. Nou konn sa, paske nou renmen frè nou yo. Moun ki pa renmen frè l, li mouri. –1 Jan 3:14


REZIREKSYON JEZIKRIS LA — 38
   
Nan dimanch maten, Jezi te leve sòti vivan nan lanmò. Premye moun li te fè wè li, se te Mari, moun lavil Magdala a. (Se sou li Jezi te wete sèt move lespri.) –Mak 16:9

Se Jezi sa a ki te mouri pou peche nou yo epi ki leve sòti vivan ankò pou fè Bondye fè nou gras. –Women 4:25

Nou menm k'ap pale la a, nou temwen tou sa li te fè nan peyi jwif yo ak nan Jerizalèm. Yo te touye l, yo te kloure l sou kwa a. Men sou twa jou, Bondye fè l leve sòti vivan nan lanmò. Apre sa, li fè moun wè li vivan. Se pa tout moun non ki te wè li. Se nou menm ase ki te wè li. Bondye te chwazi nou davans pou sèvi l temwen. Wi, nou manje avè l, nou bwè avè l apre Bondye te fè l tounen vivan sòti nan lanmò. –Travay 10:39-41

Yon senmenn apre sa, disip Jezi yo te reyini ankò anndan kay la. Fwa sa a Toma te la avèk yo. Tout pòt yo te fèmen akle. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di: Benediksyon Bondye sou nou tout. Apre sa li di Toma: Mete dwèt ou isit la. Men. Gade men m yo. Lonje men ou, mete l la bò kòt mwen. Wete doutans nan kè ou. Kwè, tande. Toma reponn li: Senyè mwen, Bondye mwen! –Jan 20:26-28


REZIREKSYON AN, ESPERANS BENI NOU A — 39

Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm yo pral tande vwa li, yo pral leve sòti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo. –Jan 5:28, 29

Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l nan lanmò li. Se sa k fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l, nou te mouri ansanm avè l tou. Men, menm jan Papa a te fè l leve sòti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi. Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve sòti
vivan nan lanmò tankou l tou. –Women 6:3-5

Si Kris la ap viv nan ou, kò ou te mèt mouri akòz peche a, Lespri Bondye a ap ba ou lavi, paske ou jwenn gras devan Bondye. Si Lespri Bondye ki te fè Jezikri leve sòti vivan nan lanmò a rete nan nou, li menm ki te fè Jezikri leve sòti vivan nan lanmò a, li va bay kò nou yo ki la pou mouri a lavi tou, pa pouvwa Lespri li a ki rete nan nou. –Women 8:10b, 11


SENTETE A LETENEL — 40

Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj. Li te di l konsa: Lè la fin delivre nou anba lènmi nou yo, la fè nou sèvi l san nou p'ap bezwen pè. Wi, l'a fè nou viv apa pou Bondye, l'a fè nou mache dwat devan li chak jou nan lavi nou. –Lik 1:68b, 74, 75

Mezanmi, se pou nou wi Bondye te fè tout pwomès sa yo. Ann kenbe kò nou ak nanm nou nan kondisyon pou n sèvi Bondye! Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete! Ann chache viv apa pou Bondye! Ann viv nan krentif li! –2 Korent 7:1

Frè m yo, mwen te moutre nou ki jan pou n mennen bak nou si nou vle fè Bondye plezi. Wi, mwen konnen se konsa n'ap viv vre. Men, kounyeya m'ap mande nou, nan non Senyè Jezi a, tanpri chache viv pi byen toujou. Nou konnen tou sa m te moutre nou, avèk otorite Senyè Jezi te ban mwen an. Men sa Bondye vle pou nou: Se pou nou viv apa pou Bondye, pou nou pa lage kò nou nan imoralite. Se pou chak gason konn chwazi madanm li yon jan ki respektab, ki dakò ak volonte Bondye. Bondye pa rele nou pou nou viv nan vye kondi-syon lèd. Men, li rele nou pou nou viv yon jan ki dakò ak volonte li. –1 Tesalonisyen 4:1-4, 7


SENTETE A LETENEL — 41

Sè poutèt sa, Jezi te mouri lòt bò pòtay lavil la, pou l te ka mete pèp la nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye ak pwòp san pa li ki te koule. –Ebre 13:12

Byen lontan anvan Bondye te kreye lemonn, li te chwazi nou nan Kris la pou nou te kapab viv apa pou li, pou n te san repwòch devan li. Nan renmen li renmen nou an,...se pou nou vin yon lòt kalite moun jan Bondye vle l la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l la. –Efezyen 1:4; 4:24

Pral gen yon bèl wout pase la. Y'ap rele l: Wout Bondye a! Moun k'ap fè sa ki mal p'ap pase nan wout sa a. Se va sèlman pou moun ki mache dwat yo. Wi, pou yo ase. Okenn ba-koulou p'ap ka detounen moun k'ap swiv chemen sa a. –Ezayi 35:8

Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l'ap fè sa k gen pou fèt la: l'a padonnen tout peche nou yo, l'a netwaye nou anba tou sa ki mal. –1 Jan 1:9

Si tout bagay gen pou disparèt konsa, nou pa bezwen mande ki kalite moun nou dwe ye: Se pou nou sèvi Bondye, se pou nou viv pou li ase. –2 Pyè 3:11


LEZOM RANPLI AK LESPRI — 42

Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l, lè nou mande l li. –Lik 11:13

Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konvik-syon. –Travay 4:31

M'ap mete Lespri m nan nou, konsa m'ap fè nou mache dwat dapre lòd mwen ban nou, pou nou fè tou sa mwen mande nou fè. N'a kenbe prensip mwen yo. –Ezekyèl 36:27

Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la. –Women 8:9

Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. –Travay 1:8a

Banabas sa a te yon bon gason. Li te gen anpil konfyans nan Bondye, epi Sentespri te kenbe l anba pouvwa l tout tan.   –Travay 11:24a

Nan Antyòch menm, disip yo te kontan anpil, Sentespri te plen kè yo. –Travay 13:52

Pa soule tèt nou ak diven, sa ka mennen nou nan debòch. Okontrè, plen kè nou ak Sentespri. –Efezyen 5:18


PWOMES MEVEYE KRETYEN YO GENYEN — 43

Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa. –Sòm 34:18

Jezi di li: Si m kapab menm!...Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye. –Mak 9:23

Frè m yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estraòdinè k'ap rive nou la a. Okontrè, fè kè n kontan. Paske, menm jan nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n'a kontan nèt ale lè gwo pouvwa Kris la va parèt. –1 Pyè 4:12, 13

Li gen pou l cheche tout dlo nan je yo. P'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt. –Revelasyon 21:4

Mete konfyans ou nan Senyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze! –Sòm 37:3

Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou. –Matye 6:33


PWOMES POU SILA YO KI NAN EPREV — 44

Kounyeya, li ka pote sekou bay tout moun ki anba tantasyon, paske li menm tou li te pase anba tantasyon, li menm tou li te soufri. –Ebre 2:18

Anvan lontan, Bondye ki bay kè poze a gen pou kraze Satan anba pye nou. –Women 16:20a

Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, l'a ban nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka sòti anba li. –1 Korent 10:13

Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l soufri anpil. Men, Senyè a ap delivre l [an bas] tout soufrans li yo. –Sòm 34:19

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele. –Women 8:28

Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pat janm fè okenn peche. –Ebre 4:15


PWOMES POU SILA YO KI VENKE — 45

Se sa moun ki va genyen batay la va resevwa nan men m. M'a va Bondye yo, y'a va pitit mwen. –Revelasyon 21:7

Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap fè yo tounen yon gwo poto nan kay Bondye a. Apre sa, yo p'ap janm sòti. M'a make non Bondye ansanm ak non lavil Bondye a, lòt Jerizalèm k'ap desann sot nan syèl la, sou yo. M'ap make lòt non mwen an sou yo tou. –Revelasyon 3:12

Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m devan Papa mwen ak devan zanj li yo. –Revelasyon 3:5

Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa chita bò kote m lè m'a sou fòtèy mwen an, menm jan mwen menm mwen te goumen jouk mwen te genyen batay la, pou kounyeya mwen chita bò kote Papa m ki chita sou fòtèy li a. –Revelasyon 3:21

Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, epi ki va toujou ap fè sa m vle yo fè a jouk sa kaba, m'a ba yo pouvwa sou tout nasyon. –Revelasyon 2:26


BONDYE PALE NOU O SIJE DIVOS LA — 46

Kanta pou moun marye yo, men lòd mwen ba yo, (sa pa sòti nan mwen non, men nan Senyè a menm): Lè yon fanm marye, li pa dwe kite ak mari li. Si li rive kite avè l, se pou l rete pou kont li, san l pa remarye. Pase pou l ta remarye, pito li tounen ak mari l ankò. Konsa tou, yon mari pa dwe mete madanm li deyò. Yon fanm marye gen angajman ak mari l toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, li lib marye ak moun li vle, depi se ak yon moun ki patizan Kris la. –1 Korent 7:10, 11, 39

M'ap pran yon egzanp: yon madanm marye gen angajman avèk mari l devan lalwa toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, madanm lan lib devan lalwa annegad mari a. Si pandan mari a vivan toujou, madanm lan vin fanm yon lòt gason, y'ap rele madanm lan adiltè. Men, si mari a mouri, li lib devan lalwa. Lè sa a, si l vin fanm yon lòt gason, li pa yon adiltè. –Women 7:2, 3

Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Yon nonm ki kite ak madanm li, si se pa pou lenkondit, nonm sa a lakòz madanm lan fè adiltè. Konsa tou, yon nonm ki marye ak yon madanm mari l kite l, li fè adiltè tou. –Matye 5:32


JEZI AP VINI YOU DEZIEM FWA — 47

Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou. –Jan 14:3

Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. Y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nyaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay. –Matye 24:30

Mezanmi, kounyeya nou se pitit Bondye. Nou poko konnen egzakteman sa nou pral tounen. Men, nou konnen lè Kris la va parèt nou pral tounen tankou l, paske nou pral wè l jan l ye a. Tout moun ki gen espwa sa a nan kè yo ap kenbe kò yo pou yo pa fè sa ki mal, tankou Jezikri te kenbe kò l pou l pat fè sa ki mal. –1 Jan 3:2, 3

Nou menm tou, se pou n toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a va vini lè nou pa ta kwè! –Lik 12:40

Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. –Matye 16:27


PAWOL BONDYE A — 48

Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase. –Lik 21:33

Paske, pwofèt yo pat janm bay mesay paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye. – 2 Pyè 1:21

Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen. –Sòm 119:105

PRIYE EPI PADONNEN

Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou. Vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l nan syèl la. Manje nou bezwen an, ban nou l jòdi a. Padonnen tou sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. [Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amen.]
Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou. Men, si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p'ap padonnen peche nou yo nonplis. –Matye 6:9-15


CHEMEN BONDYE A POU SALI A

Mwen bezwen you Sovè.

Tout moun fè peche. Yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a. –Women 3:23

Kris te mouri pou mwen.

Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye. –1 Pyè 3:18a

Mwen bezwen repanti akòz peche m yo.

Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo. –Pwovèb 28:13

Mwen dwe resevwa Jezi pà lafwa.

Men, sa ki te resevwa l yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye. –Jan 1:12

Mwen kapab asire mwen sove.

Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. –1 Jan 5:12a

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans nan moun ki voye m lan, l'ap gen lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap kondannen li. Li deja sòti nan lanmò, li antre nan lavi. –Jan 5:24


If you are interested in receiving additional Scripture booklets, write to the publisher in English at the address below or order online:

World Missionary Press, Inc. 
P.O. Box 120 
New Paris, Indiana 46553-0120 U.S.A.


World Missionary Press Home Page | Go to the Top of This Page